Livrezon

Livrezon

Chak vandè jere livrezon pwodwi pa l. Ou toujou wè frè a anvan ou konfime.

Kijan livrezon an mache

  1. Mete pwodwi yo nan panye aOu ka achte nan yon sèl vandè oswa nan plizyè.
  2. Gade frè livrezon anNan panye a ak nan fenèt kòmand lan ou wè total atik yo, frè livrezon an, ak total la anvan ou konfime.
  3. Bay adrès ouOu antre telefòn ou, adrès ou, ak vil ou.
  4. Chwazi kijan pou peyeMonCash, NatCash, oswa kach lè livrezon an rive.
  5. Swiv kòmand lanLouvri kont ou pou wè estati kòmand lan: an atant, konfime, livre.

Konbyen livrezon an koute?

Chak vandè fikse frè livrezon pa l. Si ou achte nan plizyè vandè, frè chak vandè ajoute sou total la. Lè yon vandè mete 0, ou wè gratis.

Koupon rabè a diminye pri atik yo. Li pa diminye frè livrezon an.

Peman

Konbyen tan sa pran?

Delè a depann de vandè a ak zòn kote ou ye. Si ou bezwen konnen yon delè presi, ekri vandè a oswa ekri nou sou WhatsApp ak nimewo kòmand lan.

Si gen yon pwoblèm

Pwodwi ki manke, ki domaje, ou ki pa sa ou te kòmande: li règleman retou ak ranbousman an, epi ekri nou sou WhatsApp ak nimewo kòmand lan ak yon foto.

Pwoteje w

Pa janm bay kòd PIN MonCash/NatCash ou, ni modpas kont ou, bay pesonn. Peye sèlman jan enstriksyon sou Rizz Market HUB yo di w.

Kòmanse achteEkri nou sou WhatsApp